Plis pase 30 peyi afriken pral patisipe nan yon fowòm numerik nan peyi Larisi

TRiboLAND.com
Yon delegasyon kap soti 31 peyi afriken ap fè bwas pou al patisipe nan yon forum dijital mondyal ki pral fèt nan Nijni Novgorod 5 ak 6 jen kap vini la. Daprè sa Margarita Klimanova, konseyè nan direksyon prezidansyèl Larisi a pou devlopman teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon, te fè konnen atravè yon piblikasyon ki vinn jwen TRiboLAND.com.
Nan kad forum sila, yo prevwa rasanble plis pase mil ekspè gro sèvo ki soti nan peyi Sid yo. 62 eta konfime patisipasyon yo, e 31 nan yo ap soti nan Kontinan afriken an. Gen òganizasyon entènasyonal ak gouvènman, reprezantan biznis ak inivèsite ki pral prezan tou. Youn nan uit minis ki konfime patisipasyon yo, kat nan yo ap soti nan peyi afriken, tankou Ouganda, Madagaska, Gine-Biso ak Malawi.
Margarita Klimanova te presize ke forum la pral chita sou plizyè sijè tankou souverainete dijital, bank sou entènèt, devlopman vil entelijan, telemedsin, entelijans atifisyèl ak sekirite enfòmatik.
Li te ajoute ke Forum dijital mondyal la se yon zouti estratejik ki pral pèmèt peyi patisipan yo sinyen gro akò, tranzaksyon ak yon seri memorandòm nan domèn enfòmatik.






