ULCC lage degidon nan kò lajistis pou mare kon krab ansyen Protektè sitwayen Renan Hedouville e latriye pou kòripsyon

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) ULCC lage degidon sou pakè Pòtopwens pou mete aksyon piblik an mouvman kont ansyen-Protektè sitwayen, Rena Hedouville pou detonman byen piblik ak kòt maltaye anbachal sou mache piblik yo.
Nan rapò ke responsab ULCC yo voye bay lajistis yè jedi 8 me 2025 lan, sou sa ki genyen pou wè avèk jesyon ansyen Protektè sitwayen an, kote ke kòripsyon tap taye banda; yo mande pou lajistis rapouswiv egalman petit fi Renan Hedouville, ki se Régine Hedouville Louis (chèf kabinè) ak tout mari li, Tex Willer Louis kòm annafè, san konte Mimose Moyard ak Juliane Thomas Simplice.
Antouka, daprè rapò ULCC a, ki egzije lajistis al boske prezime eskanmòtè sila yo, se akoz yo enplike nan fè wout krochi ak sakèt leta.