Prezidan Etazini an, Donald Trump, ap fè bwàs pou fèmen 30 anbasad ak 17 konsila nan plizyè peyi atravè mond lan.

Wachennton, Etazini_____(TRiboLAND) Selon grochènn televizyon ameriken CNN rapòte, administrasyon Trump lan pral transfere fonksyon anbasad yo ki fèmen yo nan peyi vwazen yo.
Gouvènman an gen entansyon ranmase kokodjaka li nan 10 anbasad ak 17 konsila nan mond lan, anpil nan bwàt diplomatik sa yo lokalize an Ewòp ak Lafrik.
Pou Kontinan afriken an, administrasyon Trump lan ap konte fèmen anbasad li ki nan Juba, Repiblik Kongo, Eritrea, Lesotho, Repiblik Santral Afriken an, ak Gambie. Yon parèy dispozitif ap pase pran egalman anbasad yo ki nan peyi Malte ak Luksanburg.
Anplis, lis la genyen 5 konsila an Frans, 2 nan Almay, 2 nan Bosni ak Erzegovin, 1 nan Wayòm Ini, 1 nan Afrik di Sid, ak 1 nan Kore Solèy Kouche.
Administrasyon Donald Trump ap miltiplijye pwosedi diplomatik yo pou arive egalman mete yon fwen nan kantite anplwàyè ki prezan nan misyon diplomatik ameriken yo nan Somali ak Irak.Trump planifye pou diminye prezans ameriken nan Irak.






