Nouvo prezidan elu Etazini an, Donald Trump menase pou mete tarif dwanyè sou payi BRICS yo si yo ta ranplase bèl dola vèt ameriken an.

416
0
Share:
TRiboLAND

12 – 01 – 2024

Wachennton, Etazini______(TRiboLAND) Nouvo prezidan elu Etazini an, egzije samdi 30 novanm 2024 ke peyi manm BRICS pou yo pa manke angaje yo nan kreye yon lòt lajan ni bay jarèt ak yon lòt lajan ki pou ranplase dola vèt ameriken an, nan ka kontrè yo mèt atann yo ak gro tarif dwanyè 100%.

“Nou egzije peyi sila yo yon angajman pou yo pa fabrike yon nouvo lajan BRICS, ni bay jarèt yon lòt lajan ki pou ranplase dola manman benba ameriken an, si yo pa fè sa , yo riske fè fas ak 100% tarif dwanyè oubyen di babay ak tout komès nan bèl mache ameriken an”, daprè sa Trump deklare sou platfòm sosyàl medya li ki se “Truth Social”.

“Donald Trump ale pi lwen pou di: Yo mèt degaje yo al chèche yon lòt endividi naif”. Pa genyen oken chans pou BRICS yo ranplase dola ameriken an nan komès entènasyonal la, e nenpòt ki peyi ki oze fè sa, li mèt di Amerik babay.”

Diskou Donald Trump lan sou kesyon BRICS yo ak dola ameriken an, se yon revelasyon sou plizyè baz dinamik ekonomik e politik enpòtant. Me kèt pwen konsène yo: pozisyon dominant dola vèt la, menas sanksyon sou tarif, rivalite jewopolitik, nasyonalism ekonomik, reyaksyon BRICS yo.

Angro, diskou Trump lan mete anfaz sou anje dominasyon dola ameriken an, tansyon jewopolitik ak enplikasyon yon nasyonalism ekonomik bèl longè nan nivo relasyon entènasyonal yo.

Share:

Leave a reply