Jenès e Sitwayènnte : Sant pwomosyon pou demokrasi patisipativ (CPDEP) ap kontinye montre timoun lekòl yo fè jaden nan Grandans

335
0
Share:
TRiboLAND

Grandans, Ayiti______(TRiboLAND) Pou apwann elèv lekòl piblik kou prive agwikilti familyàl atravè diferan komin depatman Grandans lan, kòdonatè depatmantal sant pwomosyon demokrasi ak edikasyon patisitiv (CPDEP) la, agwonòm Victor Layens reyalize nan kad pwogram pwogram Jenès e Sitwayènnte, realize ak elèv lekòl yo nan kèk komin depatman Grandans lan jaden eskolè.

Daprè kòdonatè CPDEP lan, agronòm Victor Layens, pwogram Jenès e Sitwayènnte – Ekolo a ki jwen sipò sant pwomosyon demokrasi ak edikasyon patisitiv, tanmen yon seri aktivite pou apwann timoun yo renmen anviwoman yo, fè jaden nan objektif pou jwenn sa yo rele souverennte alimantè peyi Dyiti.

Diferan elèv lekòl piblik kou prive ki benefisye pwogram lan, montre kòman yo enterese nan yo parèy pwogram lan. Konsa, yo ankouraje responsab yo nan leta a, entwodwi yon parèy estrikti agwikilti familyàl anndan lekòl yo, kote ke lekòl yo kapab genyen tè pou fè fèm agrikòl. Konsa, ap pèmèt genyen plis espas pou plante la tè e fè plis manje pou ayisyen manje. ‎

Share:

Leave a reply