Gro rankont ant Luis Abinader ak Kamala Harris jedi prochen nan Wachennton

1,288

09-10-2022

Sendomeng, Repiblik Dominikèn_____(TRiboLAND) Nan yon kominike ke biwo prezidan Luis Abinader a mete dey`o jodi samdi 10 septanm 2022 a, premye sitwàyen repiblik dominikèn ap gen pouf è yon vwèlta nan Wachennton mèkredi prochen nan objektif pou rankontre ak visprezidant Etazini a, Kamala Harris.

Nòt laprezidans lan kontinye pou li di, ke se yon reyinyon ki jwen benediksyon bò kote prezidan ameriken an, Joe Biden anfavè kominote Karaib yo (Karikòm), kote ke Luis Abinader ap genyen pou bat bouch sou sitiyasyon peyi vwàzen, Ayiti.

Yon parèy chita tande ap fèt nan Maison Blanche lan e li genyen pou wè avèk swivi yon rankont Abinader te fè deja avèk Kamala Harris 9 jwen dènye, nan moman prezidan peyi panyòl la tap patisipe nan 11èm Somè Amerik yo nan Los Angeles nan Eta Kalifònyà.

Genyen plizyè dirijan Karikòm te patisipe egalman nan yon parèy Somè, kote ke plizyè gro pwen te debat tankou: kesyon sekirite alimantè, sekirite enèjik avèk aksè finansman, daprè kominike prezidans Luis Abinader a.

Touswit aprè rankont mèkredi prochen an avèk Harris, Abinader ap genyen pou patisipe nan yon chita tande nan Konsèy pèmanan Òganizasyon Eta ameriken yo (OEA). Aprè sa, lap retounen lakay li e li pap pran anpil tan pou retounen ankò nan New York pou ale patisipe nan gro kòkenchen Asanble jeneral Nasyon Tèt Kole yo.

Comments are closed.