Ministè Ekonomi ak Finans egzije tout machandiz kap soti lakay vwazen antre inikman pa bato

280
0
Share:
TRiboLAND

03 – 26 – 2025

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Ministè Ekonomi ak Finans mete entèdiksyon sou yon latriye machandiz kap soti nan peyi Repiblik Dominikèn kap foule sòl ayisyen an.

Ministè kap jere tchotcho anndan peyi a e kap louvre je’l sou machandiz kap anvayi mache lokal ayisyen an, anonse dispozitif sila pou jiska nouvèl lòd. Otorite ayisyèn yo ale pi lwen, pou egzije pwodwi kap antre yo dwe pase pa lanmè e biwo konpetan ladwann yo dwe pran yo anchaj.

Pi lwen ministè a deklare men miz sou tout machandiz kap kandale ou pase ilegalman atè. Antouka, genyen gwo konsiyn ak direktif ki pase bay otorite dwànn yo, ajan PNH ak sòlda FAD’H yo ki pou fè respekte ansanm dispozitif sila yo, kap efektif apati 7 avwil pwochen, dapwè yon sikilè Ministè Ekonomik ak Finans mete deyò.

Administrasyon Jeneral Dwànn lan mande tout aktè konsène yo pou yo refere ak kominike ki an sikilasyon an; li raple yok e genyen rimè san fondman ki ta vle fè kwè ke genyen dispozitif ki pran pou entèdi bato debake nan Lafito.

Share:

Leave a reply