Lapolis, yon lòt fwa ankò kraze yon manifestasyon pèzib ke pati politik EDE tap òganize

411
0
Share:
TRiboLAND

03 – 26 – 2025

Pòtopwens, Ayiti______(TRiboLAND) Nan manifestasyon pati politik EDE a te òganize jodi 26 mas 2025 lan nan kapital peyi Dayiti a, lapolis pat pran tan pou te chanbade ak gaz lakrimojèn kòtèj protestasyon an ki te demare depi Delma 40B pou rive sou Miso nan espas ki loje KPT kap grate santi anndan peyi a.

Mouvman protestasyon an ki te genyen nan tèt li, ansyen premye minis ou raketè politik, Claude Joseph, te deja ap fè fas ak bwitalite polisyè nan Dèlma 57, menm avan yo te rive nan destinasyon yo. Malgre simayaj gaz lakrimojèn polisye ki ta sanble pa danse kole ak mouvman protestasyon kont ensekirite a kap vale teren. Kèk kritik pa menaje bouch yo pou yo te salanbe konpòtman vyolans polisye yo fas ak manifestasyon pasifik sila ki te ap rapouswiv malgre reyaksyon fòs lòd yo.

Plizyè patisipan nan kad protestasyon sila ta victim britalite, gaz lakrimojèn ak koko makak. Plizyè protestatè kalifye KPT koupyon an ak tout gouvènman Alix Fils-Aimé kòm yon seri iresponsab kap bay gang tete e ki chwazi deplase yon seri enstitisyon Leta yon fason pou livre plis espas jewografik bay gang sangwen yo.

Share:

Leave a reply