GRO PIL TÈ, PIRAMID FATRA SE PWENSIPAL MOYEN KI PI FASIL POU BAY YON ADWÈS KELKONK NAN VIL JEREMI.

1,263

01-29-2023

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Depi kèk mwa, sitou apwè asasinay ansyen Prezidan Jovenel Moïse ,Lameri nan vil Jeremi ak travo piblik vinn pa enterese ditou nan pwopte vil lan ak zonn ki nan antouraj yo.

Dapwè temwayaj anpil moun kap viv nan vil Jeremi, pwoblèm gro pil tè, piramid pil fatra ki genyen tout kalite dechè ak charonj ladan yo, ap miltipliye chak jou ki jou, ni responsab yo nan minisipal la, ni responsab travo piblik yo pa dòmi reve fè asenisman ankò; malgre genyen gro tranch lajan ki genyen nen nan figi l, pouvwa santral debloke ba yo anba tab.

Mete sou sa peyi Japon bay, nan kad pwojè keksyon solid lan ke (PNUD) ap enplemante pou ministè anviwonman an achete yon lo materyèl tankou: yon kamyon 10 wou, yon kamyon konpwesif, yon backloader ak moto 3 wou jis pou te kenbe vil Jeremi an sante, pou majorite moun nan popilasyon an, anyen pa fèt.



Comments are closed.