Jan sa te anonse jounen lendi 24 fevrye 2025 lan, majistra Sylmatha Pierre reponn envitasyon chèf Pakè a nan Jeremi.

413
0
Share:
TRiboLAND

02 – 25 – 2025

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Sou plent kèk sitwayen nan Jeremi, pami yo pwofesè Jean Ernso Dauphin, Komisè gouvenman pakè jiridiksyon Jeremi an, mèt Jean Marie Gaetjeens Alexandre tande prezidant komisyon kominal enterimè Jeremi an, Sylmatha Pierre.

Motif envitasyon an te plis chita sou yon seri dispozitif Sylmatha Pierre, prezidant komisyon kominal Jeremi a pran nan kad itilize san kontantman tè yon seri pwopriyetè pou konstwiksyon mache piblik Jeremi a. Plizyè sitwayen tankou pwofesè Jean Ernso Dauphin, plenyen anpil pou yon pòsyon tè ki nan zonn Ri Kamanyòl.

.Desizyon majistra Sylmatha Pierre a ki anvizaje konstwi yon mache piblik kap dire 2 lane pou vil Jeremi, estoke anpil pwofesè Jean Ernso Dauphin, ki pa antre nan lojik otorite minisipal yo. Anpil moun nan moman seyans odisyon majistra Pierre a, anpil moun te mase nan perimèt pakè a pou bay mouvman konstwiksyon an jarèt.

Nap raple lajan pou konstriksyon mache piblik Jeremi an, se yon finansman Inyon Ewopeyèn, pou Leta ayisyen.

Share:

Leave a reply