Konpayi endistriyèl Kodevi anonse li fèmen pòt jiska nouvèl lòd

1,388

09-30-2022

Wanament, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan yon nòt konpayi endistriyèl Kodevi mete deyò jedi 29 septanm 2022 a, li anonse ke li fèmen pòt li jiskaske gen sekirite pou anplwaye kap rantre travay.

Konpayi devlòpman endistriyèl Kodevi ap enfòme tout konsène li yo ke jounen jodia yo deside voye tout anplwaye ale akoz moun ki antre nan pak la vin kreye pwoblèm. Moun sa yo rantre de manyé agresif e yo piye kèk depo manje, kote yo detwi yon bon pati nan lokal la, daprè nòt Kodevi a.

“Pou evite pi gwo konsekans, nou te mete oblije pran youn nan mezi pwotokolè ki genyen pou wè avèk sekirite pak la, ki se voye ale tout pèsonèl nou yo”, toujou daprè responsab konpayi a.

Kodevi ap kontinye swiv devlopman evenman yo; li espere prosede ak reouvèti osito genyen yon abyans sekiritè pou tout grenn moun. Konpayi a rete ini ak solidè nan rèl popilasyon an pou jwen yon solisyon sou kriz kap sakaje peyi vwazen an, Ayiti.

Nou ini nan solidarite ak rèl popilasyon an pou jwenn yon solisyon nan kriz kap travèse peyi vwazen nou Ayiti.

Comments are closed.