Pwezidan KEP la korije kaye nouvo pwemye minis Ariel Henry

863

08/06/2021

Pòtopwens——-(TRiboLAND) “Yon moun pa kapab di ke se li menm ki pwàl kredibilize konsèy electoral la”, se deklarasyon ou mekontantman Guylande Mésadieu, pwezidan Konsèy Elektoral Pwovizwà a ki estime genyen yon depaman nan yon seri pwopo ke nouvo pwemye minis Ariel Henry lage san filtè nan dènye entèvansyon li fè sou KEP la nan lapwès osijè kredibilite KEP la.

Òganizasyon eleksyon yo ta sanble konsène madan Mésadieu seryezman. Tankou li demontre li, yo detèmine pou yo ale tout dwàt nan eleksyon ki planifye pou 26 septann pwochen, yon eleksyon majorite kritik yo kalifye de lòbèy kote ke entènasyonal la vle enpozekap yon lòt tchoul ki pou kontinye efondre nasyon ayisyèn nan pi plis toujou.

“Pa genyen dout nan sa, eleksyon yo toujou kenbe; sepandan, nou dwe konsidere 2 semèn reta yo ki genyen pou wè avèk lanmò pwezidan Jovenel Moise la, 7 jwiyè dènye”, dapwè # 1 KEP la ki tap depoze e mize sou enstans ki responsabilize sekirite anndan peyi a ke popilasyon konsidere ki sou non sèlman. Yo estime ke, si pwezidan repiblik la mouri akoz pwoblèm ensekirite, yo pap kite oken malad mantal fè ladènye sou yo nan eleksyon bidon ak pike kole!

Kritik yo estime pèsistans pou avantire peyi a nan yon demach parèy, se pote mimi bay makou; sa vle di se pote tèt popilasyon bay eskanmòtè ki deja genyen gwoup gang, nandi legal yo pou entimide pèp souvren ak bay vye gòl ak men pou enstore ak vye kàt trike dèmalòg yon candida sangwen ki pare pou avanse ajanda pwojè efondreman blan kolon an kap rune depi plis pase 200 lane peyi Dayiti.

Nap sinyale, nan rankont ke li te genyen avèk pwemye minis defakto Ariel Henry, Madanm Mésadieu konfime ke PM nan ap supòte e bay KEP la tout soutyen li nan kàd misyon li kòm pwemye minis.

Comments are closed.