Rezo oganizasyon fanm yo nan Grandans denonse ekip ki sou pouvwa a ki pa respekte dwa fanm yo.

413
0
Share:
TriboLAND

01 – 23 – 2025

Grandans, Ayiti_____(TRiboLAND) Rezo oganizasyon fanm yo nan Grandans, atravè kodonatris yo, Madam Roselord Aubourt ak Lise Marie Chery, denonse ak tout fòs yo ekip ki sou pouvwa a kap fè jwèt marèl nan  dechalbore atik 17 Konstitisyon 1987, amande a, ki pale de 30% fanm nan tout konpatiman pouvwa a.

Reprezantan divès oganizasyon sila yo, mande KPT a, ak tout chèf gouvenman defakto a, Alix Didier Fils Aimé pou ranmase chita li. Yo envite li retounen sou desizyon tèt chat ki nome 10 delege depatmantal yo, vis delege yo, majistra yo, san li pa konsidere kota fanm yo.

Konsa, medam yo nan Grandans riske lanse demokratikman yon mobilizasyon tranble janm, yon mannyè pou fòse desidè yo retounen sou desisyon yo ke yo estime ki depaman ak Manman Lwa peyi a.

Share:

Leave a reply