Fòs lòd yo repouse manif opozisyon an nan Petyonvil

Pòtopwens__(TRiboLAND) Plizyè manifestan blese yè Vandredi 11 Oktòb 2019 la, nan kad gwo jounen mobilizasyon opozisyon an ki pa sispann mande depa san kondisyon pwezidan Jovenel Moise nan tèt pouvwa a.
Tankou jan sa te anonse, plizyè gwoup manifestan ki te soti nan diferan rejyon metwopolitènn nan Pòtopwens te orandevou sou plas Sen Pyè nan Petyonvil. Objektif la se te pote boure tèt nèg nan Pèleren 5, pou reklame lèt demisyon pwezidan Jovenel Moise.
Konsa, ti bout kouto rete vwayaj! Manifestan yo te fè fas ak yon kontenjan dispozitif sekirite nan zònn Kinam Otèl nan Petyonvil ki te deja pozisyone-l pou devye plan pote boure kay Jovenel la.
Fòs lòd yo, ki dejou anjou ap fè moun sonje ansyen pwatik kriminèl FADH yo, pat pwan tan pou bonbade manifestan yo ak gaz lakrimojènn sou plas Sen Pyè. Ajan PNH yo itilize tou, bal kawoutchou sou foul la ki te yon veritab mare imènn. Nan sans sa, plizyè manifestan blese ak plizyè militan nan opozisyon an jwenn arestasyon e genbe nan gadavi nan komisarya Petyonvil la; yon aksyon 2 Senatè nan opozisyon an, Evalière Beauplan ak Sorel Jacinthe kalifye revòltan e kriminèl.
Pami viktim manif 11 Oktòb yo, ou jwenn yon jounalis AP ki blese nan bwa nan zònn Delma. Antouka, resposab yo nan opozisyon an deja pwevwa yon lòt jounen manif ki san dout pwal anbwase diferan strateji kont yon pwezidan key o estime ki pèdi bon nanj li.






