Pòdpè ensekirite: Lapolis nan vil Pòdpè mete do 7 bandi sangwen atè nan katye Kouyout

12 – 10 – 2024
Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Lapolis nan depatman Nòdwès la ta sanble fè japòt swadizan sou yon ekip bandi nan katye Kouyout nan vil Pòdpè. Enfòmasyon yo fè konnen, enstans konsène ki nan Direksyon Depatmantal Polis la nan site Kapwà Lamò a, ap travay tout bon vre nan kad yon plan estratejik pou netwaye latèt opye aktivite gang kap boujonnen nan diferan kwen nan depatman an.
Selon sa ki rive jwen TRiboLAND, plis pase yon douzèn bandi sangwen jwen bouchon yo; alòske selil netwayaj lapolis la, ap travay anba anba e deja detèmine tout pwen estratejik pou fwape gang ak tout reselè ki epapiye nan divès katye nan vil Pòdpè. Antouka, anpil bèl travay ap fèt dèyè rido pou eradike gang definitivman nan depatman an, selon yon rezidan.
Otorite yo detèmine pou bay Nòdwès yon trankilite piblik ke li pat janm genyen avan. Kidonk, sèt gro koure ki arive tonbe anba kout zam lapopo nan zòn Kouyout nan sware lendi 9 desanm 2024 la, antre nan kad yon seri operasyon ratibwazaj ki sible yon seri selil gang kap tante enstale yo an katimini nan vil Pòtpè.







Mw salyew PDG Loulou pou bon travay sa yo ekip Triboland yo ap mennen atravè mond lan kenbe la.respè pou tout Ekip la.