Direksyon depatmantal polis Nòdwès la kòmanse delivre yon seri fòmasyon sivik nan Ba Nòdwès peyi Dayiti

366
0
Share:
TRiboLAND

12 – 05 – 2024

Jan-Rabèl, Ayiti______(TRiboLAND) Polis popilasyon an kontinye ap layite kò li nan Nòdwès peyi Dayiti nan kad fòmasyon sivik ou edikasyon sitwayen responsab yon fason pou etabli otorite Leta ki andebaday atravè peyi a.

Dimanch pase, se plis pase plizyè douzèn sitwayen motive ki te reyini nan Lekòl Dominik Savio nan komin Jan-Rabèl, nan kad fòmasyon direksyon depatmantal polis Nòdwès la, Clevens Cetoute ap inisye depi kèk tan, nan kad pwomosyon sivik patriyòt yo nan rejyon Ba Nòwès.

Fòmasyon sila yo ki te deja delivre nan komin Pòdpè avèk Senlwidinò, genye anpil retonbe pozitif nan sa ki genyen pou ak sekirite e motivasyon sitwayen yo nan andose responsablite sitwayèn ak restorasyon otorite Leta. Marcel Similien ansanm ak Caleb Vincent, se 2 fòmatè chevwone, ki fè non yo nan delivre nonsèlman fòmasyon sou sekirite woutyè, men egalman edikasyon sivik popilasyon nan kad lalwà ak larèg.

Antouka, sitwayen patisipan yon nan gwo sòlòkòtò sila, pat manke adrese yon latriye kesyon ase enteresan, e ki ta pral fasilite entèvansyon direktè depatmantal polis la, Clevens Cetoute, yon otorite responsab ki detèmine pou sekirize rejyon andeyò yo, e ki pa sispann plede pou yon maryàj djanm ant polis ak popilasyon an.

 Kidonk, prezans plizyè otorite ki te debake nan komin Jan Rabèl nan kad mouvman sivik sila, te mete anpil lajwà ak espwà lakay patisipan yo ki pa kache apresyasyon yo, lè se pote otorite yo pote sèvis la pou yo jous devan pòt lakay yo.

Share:

Leave a reply