Bandi sangwen ki abrite sou do kay tire e blese yon latriye nan popilasyon sivil la nan Ba Dèlma

03 – 24 – 2025
Pòtopwens, Ayiti______(TRiboLAND) Zak vyolans bandi teworis ap miltipliye nan diferan lokalite nan kapital la ki deja asysje depi plizyè jou. Moun mouri ak blese, se litany kotidyen pèp ayisyen an. Pou maten lendi 24 mas 2025 lan, lopital La Paix pa genyen kote pou pike epeng avèk massif victim ki arrive blese aprè yo resevwa bal bandi sansal ki abwite sou yon seri do kay pou ap egzekite pasan malere inosan kap pase nan diferan zòn patikilyèman nan Delma 19 ak 13.
Akote yon ventènn blese ke yo anrejistre nan espas medical la, malandren yo bwile kay e komèt yon seri egzasyon ak laterè sou popilasyon sivil la, patikilyèman sou timoun piti, daprè sa yon seri media rapòte nan kapital.
Trajedi ou zak teworis, se sa ki karakterize kotidyen pèp anyisyen ki abandone fas ak yon CPT kòriptè e initil kap grate santi nan yon peyi kap plonje nan labim chak jou ki jou.






