Lakwa fwape pòt Polis Nasyonal la nan vil Jeremi, Grandans peyi a.

392
0
Share:
TRiboLAND

11 – 21 – 2024

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon polisye angaje nan vil Jeremi, depatman Grandans peyi Dayiti, ki pote non Alexandre Jerry ki te fè pati 32èm pwomosyon PNH la, pèdi lavi li nan gwo poban aksidan motosiklèt.

Lanmò trajik ajan batayè fòs sekirite nasyonal la, mete popilasyon jeremyèn nan anba gwo chòk ak dlo nan je. Nouvèl yo fè konnen ke polisye Jerry fè aksidan an nan zòn Maka, kèlke kilomèt vil Jeremi. Li kite dèyè yon latriye manm fanmiy ak konfrè e zanmi anba gwo sezisman ak senti mare.

Ke nanm li repoze nan lapè etènèl!

Share:

Leave a reply