Collectif des Avocats pour la Défense des Droits Humains (CADDHO) denonse ak tout fòs li konpòtman iresponsab otorite dominikèn yo nan fason y’ap depòte migran ayisyen yo

10 – 14 – 2024
Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Me Arnel Rémy, ki se kòdonatè jeneral Collectif des Avocats pour la Défense des Droits Humains (CADDHO), denonse ak tout fòs li fason gouvènman rasis dominiken an ap depòte sistematikman migran ayisyen.
Avoka Rémy ale pi lwen, pou li kritike fason ororite panyòl yo chwazi pa respekte dinyite migran ayisyen yo, kap esplike sa otorite dominiken yo fè yo pase nan siyasyon detansyon ak depòtasyon ki fèt pi mal pou zannimo.
Rémy swete wè genyen yon anviwonnman lapè ki renye nan peyi Dayiti, yon fason pou evite konpatriyòt ayisyen yo pa travèse lizyè pou lamizè nan peyi panyòl. Ajoute ak sa, Me Arnel Rémy, kritike konpòtman iresponsab anbasadè dominiken an ki boude envitasyon otorite peyi Dayiti yo; yon ak ki ta dwe imidyàtman ekspilse yon parèy diplomat.







Mèsi pou enfòmasyon an. Sitiyasyon an vrèman malouk pou ayisyen yo.
Fondation Triboland Mombin-Crochu