Militè dominiken yo mete men sou yon polis ayisyen dezète nan pwovens Dájabon

Par TRiboLAND.com
Militè dominiken yo mete men nan pat kasav Jerry Pierre, yon polisye dezète ki te abandone pòs li nan enstitisyon PNH la depi lane 2022.
Yo fouke Jerry nan provens Dájabon, nan repiblik panyòl la, dimanch 6 oktòb 2024 la. Envèstigasyon ki tap mennen sou dezète a, revele sou telefòn pòtab li yon seri kominikasyon ant mesye Jerry Pierre ak yon seri annafè notwa tankou Dimitri Hérard ak Jimmy Cherisier, alyas Barbecue, 2 kriminèl san parèy.
Se konsa, otorite repiblik dominikèn yo transfere polisye dezète Jerry Pierre bay Leta ayisyen pou swivi legal yo.







Mèsi pou enfòmasyon an.
Fondation Triboland Mombin-Crochu
Merci pou information yo Triboland Hinche