Léon Charles ta sanble nan rout pou li vinn nouvo Alatèt a.i. polis nasyonal la

246

11\16\20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Léon Charles, aktyèl anbasadè ayisyen nan OEA ou ansyen direktè jeneral polis nasyonal la, nan rout pou li ranplase Rameau Normil kòm alatèt.

Selon kèk sous ke moun ka fè konfyans, anpil gro diskisyon nan nivo egzekitif la ap miltipliye yon fason pou voye Rameau Normil, aktyèl Alatèt PNH la an eta disponiblite akoz li te deside mete men sou presume chèf gang, Jimmy Cherisier alyas Barbecue ki se alatèt G-9 an fanmiy ak alye, san ke li pat mete prezidan Jovenel Moise okouran, daprè yon lòt sous kredib.

Léon Charles ki apènn antre nan peyi a, genyen plis pase 15 lane depi ke li te kite pozisyon alatèt jeneral polis nasyonal la. Yo te mete nome Mario Andrésol nan plas li nan lane 2005 sou gouvènman Boniface-Latortue a. Antouka, ranplasan Alatèt Rameau Normil lan ap chofe jarèt pou yon seremoni enstalasyon ki te dwe fèt depi samdi 14 novanm 2020 an.

Konsa, anpil moun pa pran tan pou kesyone “reflèks moral ou karaktè” Mesye Léon Charles ki pral foure tèt li nan yon avanti woule’m debò, kote ke pouvwa li pral limite fas ak yon kò gang sangwen ke Jovenel Moise detèmine pou proteje san rezèv.

“Barbecue” ki se youn pami yon pakèt chèf gang sangwen ke pouvwa ap bay oksijèn, genyen gro manda pote vini ki pandye depi kèk tan sou tèt li, akoz enplikasyon li nan plizyè masak anndan peyi a.

Jacob Bendalham

Comments are closed.