PNH: Caleb Exantus ranplase Paul Ménard  nan tèt Direksyon Depatmantal Polis Latibonit lan aprè tèrib masak Pon Sonde a

559
2
Share:
TRiboLAND

10 – 05 – 2024

Sen Mak, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon jou aprè bandi sangwen san sal Savyen yo masakre plis pase 70 sitwayen pèzib nan Pon Sonde, Direksyon Jeneral Polis Nasyonal la, deside ranplase Paul Ménard nan tèt Direksyon Depatmantal Polis Latibonit lan.

Konsa, swit ak gro deblozaj sila, ki afiche anpil feblès ak vilnerabilite fòs sekirite yo nan depatman Latibonit lan, Komisè divizyonè, Caleb Exantus nome kòm nouvo Direktè Depatmantal Latibonit lan, kote otorite konpetant yo pwosede ak enstalasyon li, jounen vandredi 4 oktòb 2024 la nan moman PM Garry Conille vizite e pote sipò moral li bay viktim Pon Sonde yo nan komin Sen Mak.

Direksyon PNH la, pran yon parèy dispozitif, nan objektif pou ranfòse bandoulyè sekirite rejyon an nan kad mete baliz pou gang san sal yo. Sepandan, anpil kritik rete kwè, ke gouvènman an pa kapab senpleman mete baliz pou bandi yo; men pito mache pran yo atravè yon seri operasyon manch long san rete. “Bandi pa sipoze ap atake lapolis, se lapolis ki pou atake bandi yo an pèmanans”, daprè yon seri sitwayen endinye ki tap depoze nan mikwo TRiboLAND.


Share:

2 comments

Leave a reply