Kadejakè vyole 2 ti inosan fiyèt anndan pwòp lekòl yo

1,873

11/20/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Minis Kondisyon ak Dwà Fanm, Sofia Loréus deklare ke se avèk anpil konstènasyon ke li aprann vyòl sisinaj ki fèt sou 2 ti inosan fiyèt nan espas edikasyon yo.

Zak agresyon seksyèl sa yo te arive fèt sou yon chovi ki te genyen 10 zan, nan lekòl Gérard César nan vil Sen Mak e sou yon lòt lèzanj 8 lane nan vil Gonaiv. Madan Loréus ki pat kache fwoustrasyon li, raple kadejakè yo ke vyolans ou abi seksyèl sou fanm se yon gwo krim e li pi rèd lè sa fèt sou yon ti lèzanj minè.

Konsa, minis lan ap alète responsab lekòl yo ranfòse siveyans nan klas yo ak twàlèt yo, li estime fòk koupab yo jwenn sa yo merite anba lalwà; sinon yo ap kontinye deraye e poze zàk malonèt sangwen sa yo pirèd nan kat kwen peyi a.

kredi foto: Rawpixel/Adobestock

Comments are closed.