Anvwàye ameriken pou peyi Dayiti a, Daniel Foote bay administrasyon Biden nan lèt demisyon l

1,820

09/23/2021

Wachennton_______(TRiboLAND) Anvwaye espesyal ameriken an ki te genyen misyon pou rafwedi kriz politik plizyè tèt la nan peyi Dayiti, Daniel Foote pwezante demisyon li bay administrasyon Biden nan jodi jedi 23 out 2021 an.

Nan yon parèy “lèt orevwà”, diplomat la afime ke konsyans li pa pèmèt li asosye ak desizyon san “kè nan men” nan kàd depòtasyon Etazini ap egzèse sou plizyè milye ayisyen malgre sitiyasyon entenab ak akablant peyi Dayiti ap fè fas sitou ak yon ensekirite titanik, pwoliferasyon galopant gwoup gang ak yon pakèt lòt pwoblèm ki gen pou wè ak dènye gwoudou gwoudou ki fwape penensil Sid peyi a 14 out dènye.

Nan lèt demisyon sa ki te ale jwen Anthony Blinken, sekrete Deta Etazini an, Daniel Foote mansyone egalman ke anpil nan rekòmandasyon ke li te fè pou rezoud pwoblèm peyi Dayiti a, pat janm pran an konsiderasyon.

Nap raple, pou anpil sèktè ak gwoupman politik anndan peyi Dayi, se pi gwo zak ewoik yon diplomat tankou Daniel Foote te kapab poze pou denonse devan planèt la tout deriv, anjerans kwonik, pwatik rasis George Floyd, konpòtman kolonyàl, enpoze lidè kòriptè ak machann dwòg, manipilasyon eleksyon, politik efondreman ak ekstèminasyon ki mete nasyon ayisyèn alagoni depi digdantan, dapwè pwofesè Josué Merilien nan yon konferans pou lapwès jodi jedi 23 out 2021.

Pou anpil lidè politik ak senp sitwàyen ayisyen, Daniel Foote se youn pami yon seri anj sou tè a ki rekonèt pwemye repiblik nwa a dwe egziste kòm moun ak peyi e ki fè yon pi bon lèkti de soufwans, mizè, lanfè, kalamite, eksplwàtasyon ak imilyàsyon ke pèp Ayisyen ap andire depi plizyè syèk anba yon sistèm ki soti pou disparèt li. Diplomat la poze yon zak grandè ak kouraj ki jounen jodi a pwàl pèmèt li antre gran nan Listwà peyi Dayiti ak Etazini.

Comments are closed.