Ajan egzekitif enterimè komin Pòdpè a kontinye ap pote kwiy li devan pòt gwo chabrak Pòtoprens pou li ka rete nan pòs li.

571
5
Share:
TRiboLAND


09 – 11 – 2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Majistra ki te jwen benediksyon defen jounalis Tony Vernio, Josué Alusma ki se aktyèl prezidan ajan egzekitif enterimè komin Pòdpè ap mennen yon pelerinaj san parèy pou kenbe pòs li nan tèt Mèri Pòdpè.

Dapwè enfòmasyon ki rive jwenn nou nan bon ti mamit, andedan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, ansyen prizonye prizon sivil Pòdpè a, Josué Alusma pa sispann ofri gwo magogo ak gwo chabrak nan kapital peyi a pou li kapab rete nan tèt komin nan yon katafal ane bwiganday, malvèsasyon, kòripsyon e enkonpetans.

Konsidere kòm yon kansè ki fin boukannen selil jenès la, nan ba yo zam ilegal, nan fòme ghetto, fè vye aksyon zenglendinay tankou, bat moun, vòlò tè peyizan, kase kou malere, touye moun, tire sou foul moun, poun site sa yo sèlman. Toutfwa, nou pap bliye kòman li te manke detwi lavi plis pase 80 pasaje andedan yon otobis ki tap sòti Pòdpè an direksyon Pòtoprens, sa ki ta lakòz plizyè moun sòti blese pami yo, yon jèn etidyan Inivèsite Valparaiso nan Pòdpè; jounen jodia, avèk anpil odas ak je chèch ap fè bwas pou kenbe tèt Mèri a.

Fas ak tout konsta san santiman, popilasyon kapwaz la deside voye yon penga bay gouvènman CPT-Garry Conille lan, yon mannyè pou pa retounen kansè a ou viris la vizaj yo, e pwofite okazyon sa a pou mande ak tout pitit komin nan kontinye mennen yon dyalòg prese, prese, nan lide pou pwopoze yon katèl enterimè bay gouvènman CPT-Garry Conille lan. ‎

Fwa sa a, genyen anpil gwo demach ki deja antame, pou mete yon fen nan wòl ke yon seri idyo ap jwe nan efondre komin Pòdpè nan tout kalite kriz ak salte. Se yon seri demach ki vize egalman fòse lajistis mete entèdiksyon depa sou katèl sangwen sila, ki genyen anpil pou rakonte aprè revokasyon diferan manm ak akolit li yo.

Share:

5 comments