Anplwaye minisipal yo nan komin Senlwidinò, mande Leta ayisyen peye yo fòs kouraj yo.

475
4
Share:
TRiboLAND


09 – 02 – 2024

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Byen bone nan maten, plizyè anplwaye minisipal yo te reyini sou lakou meri Senlwidinò a, jodi lendi 02 septanm 2024 la, pou mande ministè finans, enteryè, siperyèdèkont ak kolèktivite tèritoryal yo, peye yo plizyè lane ayere sale pou fòs kouraj yo.

Selon anplwaye yo, leta mete yo ap travay pandan plizyè lane san yo pa janm touche yon goud Lescot. Pou malere sila yo, sak vid pa kanpe? “Lekòl pral ouvri, nou pa konn ki sen pou n rele pou timoun yo rantre nan sal klas yo’, daprè youn nan protestatè yo.

Anplwaye yo deside kanpe travay pou jis kaske yo peye yo plizyè lane salè yo. Si non yo pral pran lari nan jou kap vini yo, yon faso pou mande bèbè sak pase!

Share:

4 comments

Leave a Reply to Mocombe Leonel Cancel reply