Plizyè restoran fèmen pòt yo nan vil Jakmèl akoz yo pa ka jwenn ase engredyan sou mache lokal la

09 – 01 – 2024
Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Plizyè restoran fèmen pòt yo nan Jakmèl, akoz pwopriyetè yo pa ka jwenn ase engredyan pou . Pwoblèm ensekirite a se pwensipal koz ratman sila, kote li pa fasil pou pase diferan pòs peyàj gang yo, patikilyèman, Matisan, ki se rete youn nan pi gwo defi pou pasajè Pòtopwens ak Jakmèl.
Plizyè responsab, pami yo Serge Pierre Louis ki nan aktivite komès pa sispann plenyen pou yon parèy pwoblèm; daprè sa yo di nan mikwo Laprès, depi anviwon 3 lane moun ki abitye soti lòt kote nan peyia ak nan entènasyonal la pa rantre Jakmèl. Pou yo menm, Jakmèl pa yon vil touristik ankò.
Moun ki abitye fè biznis nan gwo nesesite pou rantre ak pwodwi premye nesesite yo, sa vin rete yon veritab fado pou moun yo apwovizyone.
Moun kap viv nan Jakmèl nan yon veritab prizon san bare; responsab yo lanse yon SOS nan zòrèy otorite yo, pou kreye yon klima pou moun fonksyone, pandan yap batay kont ensekirite kap wonje sosyete ayisyèn nan.
Pwodui premye nesesite yo vin telman ra nan peyi a Map mande a lete peyi dayiti pou l pwan kntwol sitiyasyn an , pou pep la pa detwi anba grangou