Montes Charles enstale kòm nouvo enspektè nan distri arondisman Leyogan.

10 – 28 – 2026
Leyogan, Ayiti ____ (TRiboLAND) Kòdonatè biwo distri arondisman Leyogan nan, Anxious Gabriel enstale anseyan Montes Charles kòm nouvo enspektè distri a, nan kad yon seremoni ki òganize nan lokal enstitisyon an, madi 27 oktòb 2026 lan, anprezans divès anplwaye kad biwo, fanmiy ak zanmi li.
Kodonatè Anxion ki te pwosede ak enstalasyon Montes Charles, nan diskou li nan sikonstan lan, li deklare enstalasyon nouvo enspekte a, temwanye volonte ak detèminasyon otorite edikatif yo genyen pou redore imaj sistèm edikatif la, malgre pwoblèm tout kalite li di y’ap travèse nan sistèm.
Nouvo enspektè a, Montes Charles ki te pran lapawòl nan sikonstans lan, bay garanti li pral travay nan enterè paran elèv yo nan rejyon ki souvan prensipal viktim nan grèv anseyan yo.






