Yon manman fè yon pè jimo siyamwa nan lopital Twoudinò a

08 – 23 – 2024
Twoudinò, Ayiti _____(TRiboLAND) Roseline ensikoni, se non yon jèn manman ki orijinè lokalite Jakzil, komin Karakòl, fè yon pè jimo siyamwa aprè midi jedi 22 dawout 2024 la, nan lopital Twoudinò ki trouve-l nan depatman Nòdès peyi Dayiti.
Daprè Wanament enfo plis, ajan egzekitif entériné Fenante Joseph mande konkou Leta ak moun ki gen bòn volonte, pou ede fanmiy lan pran pye fas ak mwayen ou posiblite ke manman an pa genyen pou timoun yo kapab opere.
2 timoun sa yo ki fèt tout kole gen tout ògan yo diferan, yon posiblite ki ta ka kapab fasilite entèvansyon chirijikal daprè opinyon divès moun. Nan mond lan toujou gen anpil fanm ki fè timoun konsa, men ka sa yo pa rive fasil nan peyi Dayiti.







Tribolande
Waw se vrèman tris mèsi media TRIBOLAND pask mw pat Janm kwè bagay sa te egziste Vre nn
Triboland latortue
Ke enstans konsene yo ede dam nan
Triboland latortue
Felisitasyon TRIBOLAND paske w toujou ap enfòme nou sa kap pase nan tout peyi a ak nn mond la.
TRIBOLAND La Tortue