Ansyèn direktris kès asistans sosyal ak kontab la jwen liberasyon’l

322
4
Share:
TRiboLAND


08 – 22 – 2024

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Jij Lakou Dapèl yo libere jounen mèkredi 21 dawout 2024 la, ansyèn direktris kès asistans sosyal la (CAS), madam Edwin Tonton libere ak tout kontab, Pierre Richard Vales pou rezon imanitè, aprè yo fin pase anviwon yon lane dèyè 4 miray.

Edwin Tonton ak Pierre Richard Vales te jwenn arestasyon yo nan mwa avril 2023 aprè Jij Jean Walter Morin te fin tande yo, swit ak yon rapò ULCC nan kad gwo eskandal koripsyon parapò ak movèz jesyon ou move regleman madam Edwin nan tèt enstitisyon an.

Malgre sitiyasyon difisil peyia ap konnen, ki koz moun ki nan piba nivo yo ap kwoupi ak mizè, gwo zotobre ap gaspiye, piye, vòlò lajan Leta, san kè sansib!

Share:

4 comments