Polis minisipal yo nan komin Senlwidinò mete anba kòd Djimy, yon reselè bandi Izmael ki te asasinen Celesson Dorgil

08 – 04 – 2024
Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Ajan polis minisipal yo fè yon gwo kout filè maten 04 out 2024 la, kote yo mete anba kòd Djimy, ki se yon ki se reselè ou bòfrè Izmael ki te touye ajan polis minisipal la premye out pase a. enfòmasyon yo fè konnen ke Djimy pran responsabilite pou pote manje bay Izmael nan yon twou wòch, nan yon zòn ki rele Nan Fripòt.
Selon deklarasyon Djimy bay, li te pote manje nan twou wòch Nan Fripòt bay Izmael yè samdi a. Pou koulya, polis minisipal yo kondwi Djimy nan komisarya Senlwidinò a pou ankèt nesesè yo.
Toutfwa, popilasyon an tounen chen fou nan chèche Izmael kriminèl la nan divès kachkach nan rejyon an avèk anpil pridans paske yo fè kwè Izmael gen yon pè zam nan men’l. Popilasyon an ap mande konkou otorite yo ak tout patriyòt pou ede yo mete kòd nan kou malveyan an.







Triboland
Se pou Bondye kontinye pwoteje w PDG Papa Loulou pou si bèl travay sa wap fè nan tout mond lan e pou fason w akonpanye plizyè Jèn nan Plizyè Komin nan peyi Dayiti nan Bay yo fòmasyon gratis pou yo goumen ak lavi.
Fondasyon Triboland Komin Karis .
Waww mwen renmen Mouvman TRIBOLAND SA ke Papa loulou mete sou pye a👏
Junior Silhomme TRIBOLAND la tortue
Gwo kout chapo devan ou ing Loulou nou salye ou nan la tortue montry nou renmen triboland anpil
Mw voye yon gro kout Chapo Pou chèf yo nan senlwi e map remèsye tout Fondasyon TRIBOLAND lan Pou bon enfo sa yo ke PDG papa Loulou ap pataje nan mond lan ak lot gro travay lap fè Pou epanye jenès lan nan kenbe zanm nap diw nan non TRIBOLAND latòti pa dekouraje
TRIBOLAND latortue
Triboland
Thank you for your sharing. I am worried that I lack creative ideas. It is your article that makes me full of hope. Thank you. But, I have a question, can you help me?