Kòpòrasyon fondepouvwa nan jiridiksyon Tigwav la denonse CG an yo di ki anpeche prestasyon sèman.

339
1
Share:
TRiboLAND


08 – 03 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Kòporasyon fondepouvwa yo nan jiridiksyon Tigwav, nan yon interview yo akòde ak la pwès jounen samdi 03 dawout 2024 la, pa manke mo pou denonse epi kritike komisè gouvènmen pakè pwè tribinal sivil premye enstans Tigwav la, mèt Pierre Elioth Paul yo di ki anpeche kòporasyon fondepouvwa yo prete sèman epi enstale yon komite nan tèt kòporasyon jiridiksyon an.

Wilbert Edmond ki pale nan non kòporasyon an, deklare se depi nan mwa janvye 2024, yon komite te dwe pran tèt kòporasyon an. Sepandan, komisè pakè Tigwav la mèt Pierre Elioth Paul kanpe anfas komite a pou l pa prete sèman.

Selon manm kòporasyon an, malgré pakèt entèvansyon komite sòtan an fè bò chèf pakè a, li toujou woule yo nan farin.Yo kalifye komisè “Tonton makout”, lè li chwazi genyen yon kopòtman konsa an fas yo.

Manm kòporasyon fondepouvwa yo, Wilbert Edmond bay komisè pakè jiridiksyon Tigwav la Pierre Elioth Paul yon dèle tou kout pou fasilite kòporasyon fondepouvwa yo prete sèman epi enstale yon komite nan tèt li prese- prese. Wilbert Edmond ki fè konnen se pa yon kado ni yon favè komisè a ap fè yo, se lalwa ki bayo dwa sa a.

Share:

1 comment

  1. youtube to mp3 free 4 August, 2024 at 03:12 Reply

    Hello Neat post Theres an issue together with your site in internet explorer would check this IE still is the marketplace chief and a large element of other folks will leave out your magnificent writing due to this problem

Leave a reply