Lapolis dekouvri yon rezo ki espesyalize yo nan vòlè motosiklèt nan Twoudinò

1,227

10-20-2022
Twoudinò, Ayiti __ (TRiboLAND) Komisè Gouvènman Pakè Fòlibète-a Mèt Eno ZÉPHIRIN akonpanye lapolis mennen yon operasyon nan lannwit pandan semèn 17 oktòb 2022 a. Yo arive demantle yon rezo ki espesyalize l nan vòlè motosiklèt nan zòn site Dilè nan kòmin Twoudinò, depatman Nòdès peyi a.

Nan moman operasyon sila, 3 motosiklèt ki rele “ASSOCIATION ESPÉRANCE POUR HAÏTI” chèmèt chèmètrès arive sezi, e mèt kay la, kote yo jwen motosiklèt yo jwen arestasyon li.

Nap raple vòlè te pran motosiklèt sila yo depi nan lannwit samdi 15 pou te louvri 16 oktòb 2022-a, daprè responsab Association Esperance pour Haïti a. Pou kounya, mèt kay reselè a trouve li anba men jij ki tal fè konsta legal yo.

Jn Simon Manex

Comments are closed.