Nan okazyon fèt Mizik nan tout mond lan, AMNO bay tout moun randevou sou Plas Dam Pòdpè a

430
0
Share:
TRiboLAND


06 – 20 – 2024

Pòdpè, Ayiti _______(TRiboLAND) Nan okazyon jounen ki make fèt Mizik nan mond lan, 21 jen chak ane, asosyasyon mizisyen Nòdwès yo (AMNO) ak Regroupman bon Mizisyen Nòdwès yo (REVMUND) bay tout moun randevou demen vandredi 21 jen 2024 la sou Plas Dam Pòdpè a, pou yon mini konsè kap fèt gratis ti cheri.

Se pral yon bon moman apati 4è nan aprèmidi pou rive 7è nan aswè; 2 antite sa yo pral fè moun nan site Kapwa Lamò a viv yon bèl anbyans mizikal, ak fè yo dekouvri talan ki genyen nan Nòdwès nan sa ki gen pou wè ak mizik.

Daprè Mayestwo Stevenson Atil, ki se chèf dòkès aktivite sila, tout mizanplas yo deja fèt pou reyisit yon parèy aktivite. Tout moun ki kapab se vin sipòte ak kouraje atis lokal yo. AMNO ak REVMUND swete tout moun byenvini!

Share:

Leave a reply