Bérothy Lucas lonje dwàt jouda sou Martine Moise kòm youn pami responsab asasinay Me Dorval la

470

09\19\2020

Pòtoprens____(TRiboLAND) Aprè kèk semen depi li te avili e denonse tout kalite salte ki gen pou wè avèk senate Kedler Augustin, ansyen sekretè elu Nòdwès la fwape pye’l ankò; fwa sa li pase pran plizyè moun pami yo premyè Dam repiblik la nan  okazyon asasinay batonye Pòtoprens la, Me Monferrier Dorval. Bérothy Lucas ki konfime ke li te genyen bon rapò avèk Me Dorval depi 2012, pat mezire bouch li pou denonse asasen ou lotè egzekisyon batonye a.

Nan kèk ti bat bouch ke li te fè ak laprès nan moman fineray Me Dorval ki ta sanble chante an prive jedi 17 septanm 2020 an, Bérothy ke se yon natif natal Nòdwès pat mete dlo nan bouch li pou lonje dwèt jouda sou Martine Moise kòm kwa genyen mannèv ke l’ap manniganse.

Bérothy ki pa sispan rann omaj a Me Dorval ki kontribye anpil nan fòmasyon li. “Gras a Dorval, mwen moun mwen ye a”, daprè Bérothy ki te genyen yon krèy repòtè ki tap swiv li nan moman fanmiy ak zanmi pwòch tap di Mèt la yon dènye adye! Bérothy ki konfime ke premyè dàm nan, Martin Moise ansanm avèk Stanley Lucas ki pral candida kòm senate PHTK pou Nòdwès. Konsa, Dorval estime ke fòk genyen yon lòt Konstitisyon paske moun sa yo pa ka ale nan eleksyon. Konsa, selon Bérothy, yo touye Dorval pou konviksyon’l.

Bérothy ki ta sanble konsyan de tout risk deklarasyon sa yo genyen, pa pè akize Martine Moise pami moun ki gen pou wè avèk lanmò Me Dorval. Li sètifye ke li genyen nan menm’l yon testaman ki poko ap divulge alòske anndan li genyen yon seri revelasyon ki genyen anpil non moun ladan’l ki pral kouri. Se yon seri revelasyon Mèt la te konn ap pataje avè’l. Kidonk, pral genyen rèl kay makorèl, daprè Bérothy Lucas ki tap depoze.

Konsa, fas ak grosè deklarasyon sa yo kont premyè dàm nan, lajistis gen pou devwa tande ou kesyone motif Bérothy nan kad dosye sa yon fason pou fè laverite jayi. Nap raple, “Vilpique” ki trouve’l nan penitansye nasyonal, se non chofè premye Dàm nan; li pami 4 prezume asasen ki ta touye Me Monferrier Dorval.

Comments are closed.