Bandi sangwen yo kontinye ap simen latèrè nan kapital peyia Dayiti

253
0
Share:
TRiboLAND


06 – 04 – 2024

Pòtoprens, Ayiti ______(TRiboLAND) Manm kowalisyon viv ansanm yo pa chome, anpil kout bal tire ant yo ak Lapolis jodi madi 04 jen 2024 la nan Kafou Ayewopò ki tap fè mannigans pou vòlè 2 kamyon gaz.

Bandi sangwen yo rive ale ak yon kamyon gaz kanmenm, lòt ki te rete a boule aprè li te fin resevwa plizyè katouch. Malgre dilijans ponpye, anpil machandiz ti machann ki te nan antouraj la pase anba flanm dife.

Malgre mizanplas kap fèt pou moute Gouvènman, ak preparasyon pou fòs miltinasyonal la antre nan peyia, bandi yo moutre yo pa pè pèsòn e yo prè pou kanpe batay.

Nap raple sansal, san manman yo pa genyen oken lòt fòm krim imajinab ke yo pa komèt anndan peyi Dayiti. Konsa, anpil moun estime, moun kap tante mande amnisti pou kalite sangwen sa yon, se pwason kraze nan bouyou; se menm lòbèy yo!

Share:

Leave a reply