Bandi sangwen kriminèl yo, pase anba dife yon blende Inite Swat yo tap pilote nan komin Gresye.

364
0
Share:
TRiboLAND


05 – 27 – 2024


Gresye, Ayiti ___(TRiboLAND) Bandi sangwen kriminèl yo ak gwo zam nan men yo, mete dife nan yon blende Inite Swat yo tap pilote nan komin Gresye, zòn Mergé lendi 27 me 2024 la, ozanviowon midi konsa.

Aksyon sa a pwodwi, se nan moman swat yo tap pilote blende a, li baskile e bloke sou yon kanivo epi tout polisye ki te abò, kouri kite blende a, anba bal bandi.

Li enpòtan pou sinyale, se pa ni tire bandi tap tire sou blende a, ni se pa nan pyèj Swat yo pran.
Anpil gwo ekschanj kout zam te kontinye ap boukante tout aprè midi tansyon sila nan komin Gresye.

Share:

Leave a reply