Disi Week-end kap vini la a, larepiblik pral konnen non yon nouvo premye minis tranzisyon an.

843


05 – 23 – 2024

Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Disi Week end prochen, larepiblik pral konnen non nouvo premye minis tranzisyon an (CPT) daprè sa yon manm konsèy prezidansyèl la anonse jounen jedi 23 me 2024 la, nan kad yon konsèy minis yo.

Daprè CPT a, kritè chwa pou seleksyone premye minis la, prezante epi adopte dekrè sou fonksyonman CP a, selon dokiman an, moun ki pral premye minis tranzisyon an, dwe yon moun ki konnen administrasyon piblik la byen, fòk li genyen esperyans nan jesyon wo nivo, li dwe genyen konesans nan kesyon jewopolitik peyi a e ki pa dwe genyen redevans anvè okèn sektè, e li dwe yon rasanblè.

Ta sanble se yon ansyen kandida pou pòs senatè nan depatman lwès la kap vini premye minis Trazisyon an, selon yon sous ki vle rete anonima.

Comments are closed.