Reyaksyon avoka James Mazard yo, aprè la jistis te fin libere l nan prizon

317

11\08\20

Pòdpè____(TRiboLAND) Konsidere kòm yon viktwa liberasyon James Mazard, se deklarasyon Me Jean Vil Rubens ak Me Eribert Vincent, malgre kliyan yo an te rive pase 15 jou nan kalabous.

Pou Me Jean Vil, avoka bawo pòdpè a, kidnapè Jean Patrick, pa te menm rekonèt kliyan an li an devizaj. Konsa, li rete kwè ta sanble kidnapè a ta genyen yon relasyon ak yon tisè Mazard ki genyen 14 lane. Pou Avoka yo, se akòz Mazard ta sanble opoze ak yon kèlkonk relasyon e ki pral pèmèt kidnapè a site non kliyan yo an, nan dosye sila.

Nap raple, kidnapè Jean Patrick te enplike James Mazard kòm asosye nan zak kidnapping ki te fèt sou Telphort Juvens, yon ti nosan 9 lane.

Antouka, avoka yo remèsye lajistis peyi yo, ki akòde jistis a moun ki merite jistis la.

Genson HYPPOLITE, gensonhyppolite8@gmail.com

Comments are closed.