Tekzas: Me ki sa nou konnen de gwo tire ki fèt nan Walmart El Paso-a

0 586

Tekzas / El Paso (TRiboLAND)  Yon rafal kout zam chante tou pwe Cielo Vista Mall nan El Paso nan Eta Tekzas: pou pi piti 22 moun ta blese grav e transpòte nan diferan lopital san konte yon moun ki ta mouri, selon Polis Depatman El Paso, Sèjan Enrique Castillo nan yon kwen de Pwès.

Depatman Polis El Paso deklare, li te vè 11:00 am lè moun tande yon latriye tire plen grennen. Se te kri a rama ak panic sov kip e. Polis  El Paso tap alète shopè yo pou kouri kite zònn nan akoz diferan kout zam ki ta lèse konpwann genyen plizyè bandi nan Walmart ki localize nan El Cielo Vista Mall la. Lockdown te oblije efektif a twa kilomèt the Mall la kote tire yo tap fè raj, selon yon tweet ki te soti nan Depatman polis El Paso a.

Selon yon rapòtè Maison Blanche, Pwezidan Trump pale avèk Avoka Jeneral Barr ansanm avèk Gouvènè Greg Abbott sou sitiyasyon tire yo e kontinye ap monitore dewoulman yo. Plizyè antite tankou ICE ak FBI te deja sou plas nan pote men fòt bay fòs Polis El Paso yo nan sa ki gen pou wè avèk chèche e sekirize diferan zònn deblosaj yo.

Konsa, yon sous polisyè konfime ke genyen yon sispèk ki deja anba kòd, alòske yon lòt sous pwòch CNN fè mansion de 3 sispèk ak yon moun ki mouri ak anpil lòt kap pwan swen medikal nan diferan lopital.

credit photo: AFP

Leave A Reply