Yon grav aksidan pwodwi ant yon kamyon baskil ak yon motosiklèt nan pye pon Tirivyè, nan komin Senlwidinò.

376
0
Share:
TRiboLAND

04-21-2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Yon kamyon baskil ki tap transpòte sab pèdi fren depi sou mòn Dègranj ta pral tonbe nan gwo basen konpayi kap konstwi pon an te fouye; nan moman li tap pran direksyon pye pon an, li fè kolizyon ak yon motosiklèt ki tap desann, motosiklèt la kraze sann pay nan pye pon an.

Selon kèk temwen, chofè baskil la ki pat vle al tonbe nan gwo tou sanfon konpayi Adriyen fouye ki pa jamn fini an, rantre sou chofè motosiklèt la, kraze pye pon an ak tout lòt biznis timachann ki tap vann nan espas la.

Pou koulya chofè motosiklèt la ki gravman blese ap pran swen nan loital kominotè Otrichen, san espwa.

Neglijans ak iresponsabilite leta sangwen ayisyen, lakòz anpil moun kòmanse viktim nan zòn nan. Popilasyon an ap mande otorite yo pran men yo pou anpeche plis moun viktim nan sans sa a.

Share:

Leave a reply