Mouvman Renesans Tigwav selebre fèt manman yo an gran panpan.

1,151

05-29-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Mouvman Renesans Tigwav (MOREP) òganize yon aktivite pou make fèt manman yo jodi dimanch 28 me 2023 a, nan lokal yo ki trouve yo nan lokalite Pwovans.

Nan okazyon an, te genyen plizyè entèvenan pami yo, Mèt Joachin Delpèche ak Charles Toussaint ki yo menm tap esplike enpòtans yon manman ayisyèn genyen nan sosyete a, ki enpòtans yon manman nan lavi yon pitit? Se yon seri kesyon ki te mete anfaz sou respekte pitit ta dwe genyen pou manman, epi onore yo chak jou ki jou.

Entèvenan yo te pwofite mete aksan sou timoun yo kap ansent epi fè pitit anba 18 tan; yo ankouraje paran yo pou mete bon jan kontwòl sou jèn fi yo ak jèn gason yo yon fason pou yo kapab fè siksè nan lavi yo.

Responsab yo nan Mouvman Renesans (MOREP) distribiye kado bay 45 manman cheri nan okazyon selebrasyon fèt sila a. Yon aktivite ki reyalize ak sipò manm MOREP yo ak kèk lòt patnè.

Nap fè remake, pa genyen oken’n aktivite ofisyèl ki te òganize nan okazyon an, pou make dat sa a.

Comments are closed.