Reyaksyon manm opozisyon an nan Nòdwès aprè manifestasyon G9 ak alye nan Pòtoprens

175
0
Share:
TRiboLAND

01/24/21

Pòdpè_____(TRiboLAND) Nan rankont ak laprès, jounen dimanch 24 janvye 2021 la, opozisyon politik la nan depatman Nòdwès la reaji aprè plizyè chèf gang pami yo Jimmy Chérisier alyas Babecue, manifeste nan Pòtoprens nan kòmansman weekend lan pou denonse fenomèn ensekirite ak zak kidnapping yo ki pa sispann ogmante nan peyi dayiti, prensipalman nan kapital la.

Paul Élie Faustin ak Jean Claude Séide denonse prezidan repiblik la, Msye Jovenel Moïse, yo di ki ankonivans ak gwo kriminèl sa yo ki se yon danje pou popilasyon ayisyèn nan. Yo kritike tou otorite yo nan lapolis nasyonal la yo di ki pa janm tire yon peta pandan dewoulman manifestasyon G9 ak alye alòske lapolis toujou kraze ak gaz lakrimojèn ak kout baton tout souf manifestation pasifik opozisyon an ap òganize atravè peyi a.  Aksyon sa a prouve aklè gwoup G9 se bonjan alye pouvwa anplas la.

Bò kote pòtpawòl Fwon patriyotik popilè a, nan depatman Nòdwès la, Me Kerly Dubréus mande pou popilasyon an pa pran nan entimidasyon ak pwovokasyon pouvwa Tètkale ak gang G9 la. Li mande popilation an rete mobilize jouskaske chèf leta a, Msye Jovenel Moïse, kite pouvwa 7 fevriye 2021 kap vini la.

Sepandan patizan pouvwa an plas la nan Podpè fè konnen manda prezidan Jovenel Moise ap bout 7 fevriye 2022. Yon deklarasyon ki leve plim sou do yon pakèt sitwayen ki pa danse kole ak bagay ki rele PHTK a.

Saint Jean Wiskis

Share:

Leave a reply