Popilasyon an nan Mibalè enskri yon kouzen “Lanmò San Jou” nan pwogram Bwa Kale a

964

10-24-2023

Mibalè, Ayiti_____(TRiboLAND) Popilasyon an nan Mibalè rache nan men lapolis, Nicson Casséus e enskri li nan pwogram Bwa Kale a apwè pèkizisyon lapolis nan 2 kay nan Mibalè jounen jodi madi 24 oktòb 2023 a.

Nicson ki pwezante tèt li kòm kouzen gwo tonton chèf gang “Lanmò San Jou”, e manm egalman group gang sangwen “400 Mawozo”, ta pral jwen arestasyon li apwè pèkizisyon lapolis nan 2 rezidans sispèk. Fòs lòd yo jwen nan moman fouy la, yon zam ak plis pase yon milyon goud.

Arestasyon Nicson lant e kreye anil gwo tansyon nan vil Mibalè . Konsa, sityasyon yo ta pral dejenere lè popilasyon an te arive fè va sou lapolis e fè dap piyanp sou manm gang asosyasyon kriminèl la e enskri li nan pwogram BK a.

Comments are closed.