60 moun mouri nan peyi Kongo apwè derayman yon tren

181
0
Share:
TRiboLAND

03/12/2022

Lualaba, Kongo_____(TRiboLAND) Pou pi piti 60 moun mouri nan lanwit jedi pou rive vandredi aprè ke yon tren machandiz  deraye nan zòn Lubudi, pwovens Lualaba nan sides peyi Kongo daprè anons ororite lokal you jodi samdi 12 mas 2022 a.

Daprè administratris zònn Lubudi a, Clémentine Mutanda ki bay yon bilan pwovizwà kote ke li sinyale ke genyen 7 kò nan aksidan an kèk fanmiy arive idantifye alòske 53 lòt kadav yo te toujou sou lye aksidan an.

Mutanda kontinye pou li di ke tren an ki se yon tren machandiz pou sosyete nasyonal chemen fè Kongo a ki genyen 8 wagon ki tap soti nan Luena pou vil Lubumbashi nan pwovens Haut-Katanga, zònn sid. Ekip pote sekou yo toujou sou plas e ap degaje kadav yo ki anpetre anba dekonb.

Nap raple, tren an arive deraye nan moman li tap trese lèl pou grenpe yon pant e li te pèdi kontwòl e al tonbe nan yon ravin, selon otorite yo ki te sou plas.

Share:

Leave a reply