MOLHA konstate avèk anpil kè kase dènye mouvman leve kanpe popilasyon an

914

Pòtoprens, Jedi 15 septanm 2022

Kowòdinasyon Nasyonal Mouvman pou Liberasyon Peyi d’Ayiti (MOLHA) konstate ak anpil kè kase dènye mouvman leve kanpe ke popilasyon an oblije fè nan dènye jou sa yo. Nou regrèt ke otorite yo pa janm montre yo gen ase dimansyon pou rezoud kokenn chenn pwoblèm ke peyi a ap fè fas yo.

Nou rekonèt ak apiye san ankenn rezèv tout mouvman popilè ki vize fè oririte yo retounen sou desizyon malatchong ak gwoponyèt ki gen pou wè ak monte disèt wotè pri gaz lan sou mache nasyonal la. Lavi chè kap brase bil popilasyon, ensekirite kap vale teren ak abi lap sibi nan resevwa lajanl ak to yo vle ak oblije l achte l byen wo sil bezwen l ankò. Nou pwofite pou raple pou tout moun ke Kote Leta oze monte pri pwodwi sa yo gen anpil asistans ke l bay, tankou lojman sosyal, ledikasyon gradis, swen sante gratis, elatriye. Kontrèman ak peyi Nou Kote dirijan yo pa janm panse ak sila yo ki pi ba yo. Pou sa nap mande popilasyon an pa janm bese flanbo mobilizasyon an jiskaske dirijan ensansib yo konprann nesesite pou pran an kont revandikasyon mas pèp la. Depi wap dirije san w paka reponn ak revandikasyon popilasyon w, ou otomatikman pèdi dwa konvokasyonw sou li. Donk pawòl ou kreye pwovokasyon, ou jis pa gen plas ou la ankò e ou dwe tire reverans de sa.

Kowòdinasyon an pwofite moman an pou denonse mezi diskriminatwa ki fèt kont depatman Nòdwès lè otorite yo deside sezi bato Pòdepè yo. Nou tap konprann mezi sa si deja Nou te konn sezi bato ki te konn pote zam Senmak, Miragwàn, Pòtoprens ak lòt Kote . Dayè lajistis pa repwoche mèt bato yo anyen. Nou konprann klèman ke desizyon sa gen pou wè ak Nòdwès ke Leta peyi a toujou deside trete konsa.

Pandan nap mande Leta pou konprann dimansyon kriz la kap agrave chak jou, Nou envite yo pou konprann ke Nòdwès dwe gade nan menm dimansyon ak tout lòt rejyon nan peyi a.

Nou mande pèp lan pou l pa moli, moun kap batay pa janm pèdi batay. Nòdwès pa pitimi san gadò.Ann fè yon sèl leve kanpe pou n rezoud tout pwoblèm yo.

*Doktè Evallière Beauplan
Kowòdonatè Nasyonal MOLHA*

Comments are closed.