Popilasyon Senlwidinò a atravè yon petisyon mande direktè depatmantal polis nasyonal Nòdwès la, chanje estaf polisye ki pap travay pou satisfè bezwen popilasyon an.

868

02 – 05 – 2024

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Plis pase yon senkantèn sitwayen nan komin Senlwidinò siyen yon petisyon pou mande direktè depatmantal polis nasyonal Nòdwès la leve ekip polisye ki kantone nan komisarya Senlwidinò a, ki pap travay pou frennen fenomèn ensekirite jeneralize a kap taye banda nan komin nan depi yon bon bout tan .

Yon lòt bò yo jwe sou enkapasite komisè Jean Baptise, pou montre li pa gen volonte pou rezoud kriz ensekirite a nan komin nan. Yo montre egalman ensatisfaksyon yo nan komin nan. Pou anpil nan sitwayen sa yo, solisyon an se bay polisye kap travay pou libere popilasyon an; yon popilasyon kap sibi tout kalite movez tretman anba men bandi san fwa nan komin Senlwidinò.

Comments are closed.