Fòs Chanjman Nasyonal, yon pati politik tou nèf ki lanse nan vil Jeremi.

Jeremi, Ayiti_______(TRiboLAND) Fòs Chanjman Nasyonal (FNC), se yon pati politik tou nèf, yon gwoup fanm ak gason pami yo pwôfèsè Auguste Demeza, kòm Prezidan, entreprenè Jean Junior Remy kòm sekretè Jeneral ,madam Meggie Petit- Maitre ak divès lòt manm kòdinasyon depatmantal lan, fè lansman ofisyèl nouvo pati a nan Jeremi, nan lokal Pipirit Club.
Nan kad lansman ofisyèl mouvman politik sila , plizyè dizènn jènn fanm ak jènn gason ki te sòti atravè diferan komin depatman Grandans lan, te fè deplasman pou vinn bay jarèt ak mouvman an, daprè sekretè jeneral lan, Jean Junior Remy, yo vize Chanjman sou tout fòm yon fason pou genyen yon chanjman rasyonèl.
Divès pèsonaj ak pèsonalite ki te reponn prezan nan lansman an, swete Fòs Chanjman Nasyonal pa yon pati politik an plis kap vinn kontinye souse san pèp lan, ki depi lontan ap sibi tout fòm vyolasyon ki rann yo pi mizerab pase tout lot pèp nan mond lan.






