Kliyan sikisal BNC nan Pòdpè nan gwo difikilte pou retire kòb yo nan moman fen ane a.

945

12-25-2023

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Depi kèk mwa kliyan sikisal BNC yo nan Site Kapwa Lamò a pa sispann plenyen, akòz gwo difikilte yo rankontre lè pou yo retire kantite kòb yo vle sou kont yo.

Mache fouye zo nan kalalou pou konnen, kisa ki ta lakòz moun yo paka retire kantite kòb yo? Entèvansyon kèk kliyan ki te move kou kong, nan mikro korespondan TRiboLAND yo ta fè kwè, pa gen kòb ki sòti Pòtopwens pou vin Pòdpè, sa ki kòz plis kòb yo bay se senkant mil goud oubyen 200 dola US.

Yon sityasyon ki kòz anpil moun vire do yo san fè okenn tranzaksyon nan moman nwèl la, e menm lage responsab enstitisyon yo nan babye akòz yo pa ko ka jwenn kòb pou fè pewòl pou anplwayè yo.


Comments are closed.