Tantativ Fontyè Louvwi: Mechan dirijan ayisyen yo, ap miltipliye bwas pou fasilite pwodwi kanserez dominiken yo kontinye efondre Ayiti

1,038

11-25-2023

Wanament, Ayiti____(TRiboLAND) Koutche sangwen ki detèmine pou efondre Ayiti yo fè tantiv pou ouvwi fontyè pouf è plezi ak pwodwi anpwazoni peyi repiblik dominikèn yo, kreye gwo tansyon sou fontyè ayisyano-dominiken an jounen vandredi 24 novanm 2023, kote popilasyon an nan Wanament te kanpe ankwa.

Responsab sangwen sila yo ki te deja antre nan repiblik dominkèn al pran dikta nan men pwezidan rasis dominiken an, Luis Abinader ki soufwi nostalji kolonyalis, vle kontinye kontinye jere enterè mesken yo odetriman enterè pèp ayisyen an ki toujou an agoni.

Sa pa etone pèsònn moun, ke responsab sanpidè ayisyen yo tap toujou favorize fo pwodwi kanserijèn dominiken yo antre touye popilasyon anyisyèn nan ki ta plis ap jwe wòl Leta nan bay tèt li direktiv ak pwoteksyon.

Yon lòt aspè ki enpòtan pou konsidere, se trafik zam ak minisyon ki pou fasilite bandi yo kontinye simen laterè anndan peyia, ki ta sanble makònen ak desizyon politichyen ak richyen sangwen kriminèl ayisyen yo pou travèse volonte popilasyon an ki detèmine reprann dinyite yo; e anpeche yon peyi kriminèl kont limanite, sispann voye pòchèt san kontamine ak sida anndan peyi Dayiti.

Nap raple, tansyon sou fontyè Wanament lan, te mete anpil moun deyò, yon fason pou te pote boure kont tout malpwòp apatrid ki vle ekstèmine pwodiksyon nasyonal, dapwè deklarasyon kèk pwotestatè.

Yon gwo bwavo te ale bò kote Majistra Wanament lan, ki te egalman kanpe ankwa kont ouvèti fontyè a, jiskaske vrè kondisyon ak regilasyon reyèl komès ant 2 peyi yo pa redefini nan respè ak ekitabilite.

Comments are closed.